AMERICAN AIRLINES OFRI KLIYAN YO AKSÈ POU Y'ALE KAP AYISYEN, AYITI FORT WORTH, Texas - American Airlines pral lanse yon nouvo vòl toulèjou k ap soti Miami International Airport (Ayewopò Entènasyonal Miami) (MIA) pou ale Okap Ayisyen, Ayiti; sa pral vin ajoute yon nouvo destinasyon entènasyonal nan rezo global liy ayeryèn nan kap pran ekspansyon. Kliyan yo ka fè rezèvasyon pou vwayaje nan nouvo destinasyon sa a apati 2 oktòb 2014, depi gouvènman an apwouve l. "Nou fyè dèske nap sèvi Ayiti depi pliske 40 lane e nou panse nouvo vòl sa a enpòtan non sèlman pou kliyan nou yo, men lap yon katalizè enpòtan tou pou devlope kòt nò a ak louvri destinasyon istorik enpòtan sa a", sa a se deklarasyon Art Torno, ki se Vis-Prezidan Direktè - Meksik, Karayib, ak Amerik Latin. Premye Minis Ayisyen an, Mesye Laurent S. Lamothe, te deklare: "Nou kontan anpil dèske American Airlines pran desizyon pou l lanse premye vòl dirèk soti Lèzetazini pou ale Kap Ayisyen. Nouvo destinasyon sa a reprezante yon kokennchenn opòtinite pou yon enpak ekonomik enpòtan boujonnen nan peyi nou an, etandone lap konekte Miami dirèkteman ak dezyèm vil peyi Dayiti a." Orè Toulèjou pou Vòl MIA - OKAP (tout lè yo se lè lokal): AA 1632 Kite MIA a 9:50 a.m. È delès Rive OKAP a 11:50 È delès AA 1659 Kite OKAP a 2 p.m. È delès Rive MIA a 3:59 p.m. È delès Nouvo destinasyon sa a vin ajoute sou lòt vòl American ap fè depi byen lontan a destinasyon Pòtoprens, Ayiti, e li pral opere avèk yon Boeing 737-800. Grasa gwo rezo American genyen ki soti Miami, kliyan l yo kap vwayaje soti Okap Ayisyen, ap gen aksè kounye a pou yo ale nan pliske 100 destinasyon atravè Lèzetazini, Lakarayib, Lewòp, ak Amerik Latin.