LANMÒ SYLVAN JOLIBOIS

DEPOZE LAPENN

NAN KÈ ANPIL MOUN

14 janvye, sanzatann e san konprann, yon nouvèl tris t’ap sikile anndan kominote ayisyen nan Miyami-an. Jou swa sa-a te gen plis pase 300 moun ki te sanble nan JW Marriott pou selebre 12èm anivèsè yon òganizasyon ki rele HALO. Haitian American Leadership Organization). Yo t’ap selebre endepandans peyi-a. Yo t’ap selebre enpòtans pou nou kreye jenn pwofesyonèl konpetan anndan kominote ayisyen pou reprezante nou isit tankou lakay. E se chak ane HALO sanble ak kominote-a pou bay etidyan High School yo bous- detid pou y’al kontinye etid yon an Kolèj. E se nan mitan bèl selebrasyon sa-a, de zòrèy an zòrèy, nouvèl lanmò Sylvan Jolibois t’ap sikile. . Yon sezisman marye ak lapenn te sou vizaj majorite moun ki te resevwa nouvèl la.

Sylvan se yon sitwayen ayisyen entegral. Byen pre- pare entelektyèlman e ki renmen peyi-l. Li toujou prezan nan prèske tout aktivite ki gen rapò ak Edikasyon osnon devlop- man kominote-a. Se nan mwa desann nan, li pase nan Libreri Mapou ak yon enjenyè pou fè yon etid pou nou pou wè kijan nou ka kreye plis paking nan zòn sa-a nou rele Downtown Lit- tle Haiti-a. E se menm Sylvan Jolibois, zanmi nou ki te sanble nan ane 90 yo ak 7 òganizasyon benevòl pou fè yo patisipe nan yon pwojè DERM ki non sèlman te simaye edikasyon sou itilizasyon pwodui chimik men tou pwoteje sante frè ak sè nou yo nan kominote ayisyen-an. Pwojè sa-a te ede finan- syèman atis òganizasyon sa yo men tou enspire Doktè Ernst Julmeus(Degoutan) ekri yon pyèsteyat sou Pwodui Chimik.

Se ak tout kè nou tou, anpil nan nou, manm ògani- zation Leage for Human Rights sou direksyon Pwofesè Jean- Claude Exulien te dirije nou anndan Campus FIU Florida International University pou ekprime mekontantman komi- note-a apre otorite inivèsite-a revoke Pwofesè Jolibwa yon fason li konsidere se te enjistis ak diskriminasyon. Sylvan, an bon militan, te kanpe djanm pou defann enterè li. Defann non li ak peyi li. Malerezman lajistis nan peyi Etazini te de- side an favè Inivèsite-a. Li te di di nou ; li prale alapèl. Fok li jwenn jistis.

Sylvan Jolibois fèt Pòtoprens, 5 Dawou 1957. Li se pitit Sylvan Jolibois Sr. ak Rollande Scott Jolibois. Tou lede se te doktè an medsin. Yo te gen 5 pitit. Sylvan se te katriyèm nan.

An 1960, Lafanmiy te oblije pral lekzil nan koukou- rouj Papa Dok Duvalier te lage dèyè entelektyèl nan peyi-a. Se konsa, fanmiy lan viv Nouyòk, an Espayn, an Afrik , Venezwela epi finalman Miyami. Sylvan Jolibois fè tout edi- kasyon li, Nan Howard University li dekwoche yon lisans (Bachelor) nan syans Enjenyè sivil (Civil Engineering) epi rive dekwoche yon Doktora (PHD)nan Enjenyè Sivil, Berke- ley nan Inivèsite Kalifòni ak yon Master nan planifikasyon Vil.(Urban Planning)

Nan Miyami, li te anplwaye kòm pwofesè nan Flor- ida International University . kote li travay pandan 22 ane. Malgre senyorite li , malgre konpetans li ; yon konpetans ki fè fyète tout yon ras, li kite an 2013 apre otorite nan ini- vèsite-a refize ba li yon konje (sabbatical leave) pou l’ tal anseye epi fè rechèch an Ayiti, peyi li.

Sylvan jenn gason 59, viktim yon premye kriz kadyak ki vin double kèk jou apre. Li mouri 14 Janvye 2017. Lafanmi ap reyini ak kèk zanmi nan Caribbean Market la , dimanch 29 Janvye a 3è nan apre-midi pou selebre lavi Sylvan Jolibois nan Little Haiti Cultural Center 212 NE 59th. Ter. Yon Lanmò ki mete lapenn nan kè anpil Ayisyen lakay tankou nan dyaspora-a.

Nou voye kondoleyans bay tout lafanmi espesyal- man pitit li yo Ayodele ak Khalil Jolibois, zanmi nou Leonie Hermantin, sè li yo Rolande Joliboisa Cuvilly, Myrtho Joli- bois ak frè li Maurice Jolibois... san bliye tout rès fanmiy lan ak Zanmi Sylvan Jolibois.

Jan Mapou