WRC, Ayiti ak Bangladesh Samble ke Batay Ouvriye nan pronansman kap suiv-la, voye ampil kompliman pou Workers Rights Consortium. Sepandan alo ke WRC preokipe ak kestyon salè en Ayiti, li plis panche sou "safety" isinn nan Bangladesh. Sanble ke WRC poko pronose-l sou fèt ke ouvrye Bangadesh ap mande $100 pa mwa alo ke se $68 yap ofri yo, pa mwa? Jodi-a se $38 a $48 yon ouvriye nan Bangladesh touche pa mwa. Gen diferans ak peye 4.5 milion travayè $50 pa mwa en plis, ak fè depans pou reparasyon imèb. WRC poko di ekxakteman kombyen kob H&H ak PVH pral mete nan amelyore "safety" nan faktori bangladesh? Pou Ayiti WRC vle fè moun kwè ke solisyon la povrete 10 milion sitoiyen en Ayiti kapab soti de US$800,000,000 vant rad, travay 30,000 ouvriye, oswa 90% ekspotasyon peyi-a. Bangladesh sou bo pali ekspedie yon total 27 milia (billion) dola en rad. Nan Etazini yo vand 23% pwodiksyon rad ak tekstil yo-a, oswa pou 5 milia dola (US$5,000,000,000,000). Pou Erop yo voye 63% nan 27 milia dola, valè ekspedisyon total yo. Alo, kestyon prensipal-la se, eske WRC ap travay pou kwasans amplwa an Ayiti mem jan lap travay pou kwasans job ak valè nan sektè pwodiksyon rad nan Bangladesh? Bonn Ane tout moun! Y. ____________________________ Yves Savain Executive Director CTMO-HOPE